Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
May 25, 2025 at 11:04 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 🌿🌹Manman se jaden lavi 🌹🌿 Nenpòt kote li jouke semans li Lavi pouse tankou pwa tchous Manman n awoze n fè n donnen Kè li pi dous pase moso rapadou Manman se pi gwo richès yon pitit Renmen - esperans ak afeksyon l P ap janm bouke fè kè n kontan Jouk tan fin pran tan pou tout tan Manman se flanm limyè nan fènwa Se pi gwo sous rekonfò ak tandrès Lè move van anviwonnen nou Li se refren sou chemen destine n Yon melodi nou pa janm dwe bliye Bò kote l gen lapè, lajwa, lanmou Se flanm dife ki rechofe nou tout Relimen mèch rèv nou chak sezon Manman se tanbou lanmou K ap bat pou n mache dwat Zile ki louvri bra l pou konsole n Menm lè l sanble nan fon somèy Li pa janm dòmi di Li toujou ap panse pou pitit ak pitit pitit Premye dra ki kouvri laperèz nou Lapriyè ki kraze kè kase nou Yon nich lanmou ki fè nou gaya Menm lè mond lan vire do ban nou Manman toujou ede n briye Menm nan mitan basen labim Paske sekrè bonè manman Se wè tout pitit rive lwen nan lavi Sou chemen ki bay bèl reyisit. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1926591501867381160?t=zUQSWU_jbGuGmFQoWFm-2Q&s=09
❤️ 🙏 5

Comments