Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
May 26, 2025 at 12:53 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Chak jou se yon dat enpòtan
Gen dat ki gen sans pase yon lòt
Konsa tou, gen de jou nou pa wè
Ki jou l ap fè jou tout bon vre
Menm si pwa jounen yo konn
Peze pi lou sou zepòl nou
pase pwa nou kapab sipòte
Menm lè nou pa rive konprann
sa k ap pase nou gran jounen
Nou sipoze pare pou n aprann
Chif yo chaje ak emosyon
Nan konte nou ka rive byen kalkile
Lè n kòmanse pran tan pou n tann san n pa bouke aprann konprann
Si nou rive sezi bon sans tan
ki véritab tan pa nou an
Nou p ap ret ap tann pou bon tan.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1926983532234019029?t=8iBWCcWG-9itzMJMQPpw6g&s=09
😍
2