Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
May 30, 2025 at 12:46 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Lari a revòlte Li sèmante san revòlvè Li pa vle pran nan pwa grate Mitan lannwit poko pwente Lajounen fenk kare pran larelèv Pou fè bon jou taye banda serye an gran panpan kote laye vannen Se konsa lari pale lè dlo desann isit Kout zèklè pa met dlo nan bouch Nan bat bouch nou louvri dènye liv Larivyè kanpe men nan ren ap simaye bon jan flanm solèy san makiye. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1928429368080027699?t=2dBJj0tLzZ81CgptHmIULg&s=09
❤️ 🙏 2

Comments