
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 1, 2025 at 10:57 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
#non_m_se_non !
Depi w gen karaktè pou w di non
Lè ou dwe di non
Menm si siyati w se bonbon
Depi w gen tèt sou zepòl ou
Do w pa fouti koube anba
Ni jenou w pa gen dwa chikata
Depi w gen kè pou w kanpe dwat
Eskanp figi ou pa ka plat
Ni diyite w p ap tounen avadra
Pou kouvri sanzave anba dra
Gen wi ki se alyans respè ak kè
Gen non ki chita pye kwaze
Sou galri libète lapawòl ak panse
Depi w konn tann
Ou p ap janm tounen sann
Se pa tout bravo ki soti nan sèvo
Gen non ki gen plis konviksyon Pase pwomès kanpay
E ki leve w pi wo
pase yon pye papay
Di non, se konnen kote ou soti
Kisa ou vo ak ki kote ou vle ale
E refize fè moun plezi pou po patat
Se avanse pou rèv ou san fè bak
Di non, se batay pou respè w
Refize tonbe anba men san zantray
Se dwa m pou m di non !
Si m di non ! Se konviksyon m
Se paske m ka kanpe dèyè non m.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
#pòtoprens_31_me_2025
https://x.com/SherlyTanis/status/1929129945411788943?t=dMntG2ulM4fBaWhzUrlRpA&s=09
❤️
4