Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 3, 2025 at 09:38 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Memwa listwa n pa p janm mouri Nan chak van ki pase sou tèt mòn Gen yon lodè kafe griye ki travèse Chalè midi mennen n jouk Lasous Yon pilon k’ap mache pye atè Pou fè w sonje lè ou te ti katkat Anba lakay Tant Da lòdbò teras Tout sa se pa yon rèv vant plen Se pito krèm memwa n ki chita Sou bit tè kote lonbrit nou antere Ki fè n konnen yon pa anplis Ka mennen n retounen yon jou Kote zantray nou makonnen Youn ak lòt san fè bak sou listwa n. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1929834761742061953?t=WtKPlbjBXWQjQtVRoXgfYA&s=09
❤️ 🙏 2

Comments