Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 4, 2025 at 12:00 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Konpatriyòt ! Pami tout konba w ap mennen Gen yon seri eleman ou dwe lite Pou pyès moun pa janm pyetine Se respè w ak entegrite w Pa janm kite yon ti fenèt louvri Pou moun mache sou sa w konstwi Pou valè w pa drive anba pye Konpatriyòt Sèl gadyen lonè w ak respè w Se ou menm Pèsonn p ap defann yo nan plas ou Depi w ka gade tout vivan je nan je Menm si w nan mitan gwo atak Diyite w ap rete entak Epi pèsonalite w ap fè bèl enpak. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1930232504822136929?t=ylGgxehE-eNJ6f29CF45Og&s=09
❤️ 👍 🙏 3

Comments