Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 5, 2025 at 03:24 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Memwa listwa w p ap janm mouri Ou se yon boukan dife tou limen Men ou p ap janm tounen sann Ou simaye souri nan gran chimen Moun pa gen dwa bliye pasaj ou Paske w se flanm ki vibre nan rasin Memwa w pa rete nan liv sèlman Tout kote w pase, se bèl evennman Nan tout je ki chaje ak limyè Nan tout bouch ki di laverite Nan lang ki pa madichonnen Memwa listwa w p ap janm mouri Paske ou viv nan tan pa w Ou mache nan limit destine w. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1930556470107488508?t=Odah2_GrXY_HNNXB3WS6VA&s=09
🙏 1

Comments