Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 7, 2025 at 09:55 AM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 #li_lè_li_tan Si n ta pran rakonte mezi maleng Ki tounen java nan konsyans nou Chabon n t ap gentan tounen sann Epi chaloup nou pa t ap jwenn van Pou mennen n lòtbò pon lè sa bon Nou bezwen yon lòt souf tou nèf Pou n respire san pousyè malonèt Ki la sèlman pou kreve paj lespwa Pandan pyès je pa wè nou fin koule Si okenn moun pa ka konprann Lè a resi rive pou n di ase tout bon Se paske bon konprann pati kite n Epi n ap chache wout pou nou pati. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1931287455166091398?t=4Z70Pj7WWYsF4tC-CUGwuw&s=09
🙏 1

Comments