
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 8, 2025 at 12:04 PM
🇭🇹#bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Tout doulè pa fèt pou vale san pale
Gen pawòl ki boule pase fyèl
Men ki ka sèvi n medikaman
Gen traka ki vini pou konstwi nou
Brik apre brik
Pou n pa plonje pita nan fon labim
Nou dwe pale ak kè n tout antye
Dimansyon raj ki travèse nou Andedan kou deyò
Pa tann yo dechire nou pak an pak
Pou n tanmen pran zegwi ap pyese
Tann pito sezon rekonesans
Ki pral montre n bousòl lanati
Pa ka pèdi chemen lakay nou chak.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1931682762827661708?t=P0SjKGQUCcbB2tswZc3-hQ&s=09
❤
❤️
👍
3