
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 10, 2025 at 11:40 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Jou van malè fin pase bò kote w
Silans ka vin pi fò pase kout loray
Ou ka leve vwa w san ou pa fè bri
Si w wè yon nouvo kouran ap pase
Se zetwal ou k ap chache w
Li pa jwenn lapèrèz nan ou ankò
Li p ap fè w sote ni ou p ap sezi
Fòs pa toujou frape byen fò
Gen mouvman ki fèt an silans
Nan zantray ki pa frennen bon rèv
Se pa paske pa gen danje
Ki fè w pa pè ankò
Men se paske okenn danje
P ap anpeche limyè w rete limen.
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1932401934842925365?t=7RI91Q2OSullPVSbleqTMA&s=09
❤️
1