
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 12, 2025 at 11:58 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Kè kontan se yon limyè
Yon flanm ki soti anndan kè
Li pa toujou chita sou gwo bagay
Men yon jès senp ka tounen chay
Yon ti kout je sifi pou nou konpran
De mo ka konsole nan moman dèy
Chak fwa nou simen kè kontan
Se yon jèm lespwa n plante nan kè
Kenbe kè kontan w epi simaye l
Se sèl eritaj nou pa peye senk kòb
Men ki koute n valè yon gwo trezò.
#sherly_tanis_cator ✍🏾
https://x.com/SherlyTanis/status/1933130823437357405?t=YHIVh0QegXIqTXttQiJlVA&s=09
❤️
🙏
4