
Remèd Fèy
June 5, 2025 at 01:14 PM
Papa Pyè.
Gen yon zanmi ki t'ap mande m pou m pale de papa pyè tèks sa se pou ou.
Gen yon chan ki di
"Pyè nou pral rele pyè jou a la ye
Pyè nou pral rele pyè jou a la ye
M' p'ap kite ledmi bare mwen.
M' p'ap kite ledmi bare mwen
Nou pral rele pyè
Jou a la ye
Ti moun yo an nou rele Pyè
Jou a la ye"
Nan nò peyi Dayiti, yo rele Papa pyè papa tout espri. Papa pyè se yon espri ki trè rèspèkte e trè venere nan nò peyi a.
Papa Pyè se yon espri ki senbolize sajès ekonesans.
Li se yon dimansyon de Danmbala.
Papa pyè se yon mesaje.
Li se yon espri ki gen anpil pouvwa.
Li bwè kleren menm jan ak eskòt pyè a.
Pami lwa pyè yo nou gen.
▪︎Pyè Dambala.
▪︎Papa Pyè.
▪︎Pyè Fere.
▪︎Pyè Aleman.
▪︎Manbo Anayiz.
▪︎Pyè Èzili Pyè.
▪︎Adye Houn Pyè.
▪︎Filomiz Pyè.
▪︎Mouche Pyè.
▪︎Houndile Pyè.
▪︎Kougwe.
▪︎Ayi Gweto.
▪︎Anwezo.
▪︎Fawo Dantò.
▪︎Mawou.
▪︎Nannan Boukan.
▪︎Kebyesou Dangleh.
▪︎Manbo Adelayi Gwo Tete.
▪︎Mètrès Lovana.
▪︎Lenglensou Pyè.
Papa Pyè se yon espri tout lòt espri rèspèkte e yo adore nan pye l.
Lè ou rive nan yon seremoni nan nò, Kèlkeswa lòt espri ki monte yo di w yo adore nan pye Papa Pyè.
Ou mèt tande Jan dantò dezòd, ou mèt tande jan loran dezòd, men nan regleman nò a lè yon moun gen Papa pyè w'ap wè tout lòt espri rèspèkte l. Malgre se espri ak espri. Lè Papa pyè nan yon seremoni tout lòt lwa rèspèkte l.
Li bwè kleren kri.
Li pale de yon ton sevè.
Lè l vini nan yon seremoni li konn fè kèk rekòmandasyon, li bay enstriksyon, li met lòd nan dezòd, li bay prensip.
Li pa manifèste fasil.
Li pa manifèste nan tèt tout moun.
Gen yon kwayans ki fè kwè Papa Pyè manifèste nan tèt moun ki wo, Ti Pyè manifèste nan tèt moun ki kout. Nou p'ap antre nan lojik sa, lwa yo gran moun.
Pawòl li se lò.
Anpil lakou nan nò, tankou: lakou dereal, lakou jisou, lakou senkadòno, lakou nan kanpèch, lakou kare, elatriye... w'ap wè espri ki an chèf lakou a se Papa Pyè.
Li se yon gwo, gwo espri. Li pa konplike. Avèk yon kanari plen dlo oubyen yon krich dlo, oubyen yon danmijann kleren li benyen w tout djòk, tout pwoblèm soti sou ou.
Li se yon espri ki pa egzijan, li pa wè lajan anvan.
Gen kote li sèvi ak mouchwa vè, gen kote yo ba l pote mouchwa la sent famiy.
Gen lakou lè li vini li bwè kleren nan zòrèy li.
Li se yon gran moun ki chèlbè anpil.
Lè li mache ak yon moun, li bay moun sa anpil sajès. Moun sa ap toujou ka rezoud pwoblèm ki parèt konplike pou lòt moun.
Moun ki sèvi papa pyè dwe toujou gen yon danmijann ou byen yon boutèy kleren la pou li ak yon krich dlo.
Li sèvi ak baton.
Se yon espri ki trè toleran, men ou pa dwe betizye avè l.
Li pa renmen kote ki gen bri.
Li gen bon regleman.
Nan regleman nò a li jwe yon wòl enpòtan nan sèvis lave tèt.
Si yon sèvis bloke, Papa Pyè ap debloke l.
Li gen kle pou l ouvri nenpòt pòt tankou legba.
Lè ou vle adrese l, pran yon krich dlo ak yon chandèl jòn, bay mouchwa l pafen, limen chandèl ou pale avè l.
Li bay bòlèt.
Li fimen tabak.
Li bay pasaj, sajès ak konesans.
*Radio ManmanLafrik*
👍
❤️
🙏
😮
❤
😂
🪄
👊
👐
👹
123