Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 6, 2025 at 01:57 PM
POUKISA YON TIMOUN DI GWO MO? Kòm timoun yo aprann pa imitasyon, yon timoun piti ka repete gwo mo li tande nan kay la, nan gadri oswa nan pak la. Gen anpil chans pou li pa konprann siyifikasyon ak dimansyon gwo mo li itilize yo. An reyalite, li sèlman wè reyaksyon mo yo pwovoke a. Yon timoun obsève reyaksyon moun ki nan antouraj li nan aksyon ak nan pawòl. Pou rezon sa a, li ka itilize kèk mo plis si li remake ke li pwovoke yon reyaksyon lè li di yo. Li kapab kontinye di gwo mo, menm si yo di li klèman ke li pa akseptab, paske li nan laj kote li renmen atire atansyon. Repetisyon gwo mo yo tou kapab lakòz kapasite kontwòl pwòp tèt timoun piti a ki ba. Vreman vre, yon timoun ka kontinye di yo malgre entèvansyon yon granmoun nan antouraj li, paske enpilsyon li santi a pi fò pase kapasite pou'l pa di yo a. Li posib tou ke lè'l sèvi avèk gwo mo yo se yon fason pou yon timoun vèbalize kòlè li. KIJAN POUW REYAJI LÈ YON TIMOUN DI GWO MO? Pa sezi lè yo di gwo mo. Pitit ou pwobableman pa konnen siyifikasyon mo li ap itilize yo. Li enpòtan, sepandan, pouw pa aji tankouw pat tande. Avèk kalm di'l pa di gwo mo, pa egzanp: " mo sa pa yon mo respektye. Mwen ta renmen ou jwenn yon lòt mo pouw di nan plas mo sa a". Ba li egzanp epi fè prèv konsistans nan pa sèvi ak vye mo ou menm. Pitit ou a aprann sa ki di ak sa ki pa di an fonksyon de langaj granmoun ki antoure li yo. Ankouraje pitit ou a pale sou santiman li. Ou ka ede l fè sa lè ou sijerel mo akseptab ke li ka itilize lè li fache oswa fristre. Ou ka edel jwenn mo komik ki ka ranplase gwo mo yo. Evite ri, byenke li ka komik pouw tande timoun piti ou an kap joure pou premye fwa, paske reyaksyon sa a ka ankourajel redi mo a ankò. KILÈW DWE KONSILTE POU SA? Si pitit ou a ap joure regilyèman malgre entèvansyon ou yo epi li afekte relasyon li ak timoun e ak granmoun bò kote li, li posib ke konpòtman sa se yon siy lòt difikilte. Nan ka sa a, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl sante pou dirije ou nan sèvis fanmi ki apwopriye tou pre lakay ou. Pwofesyonèl sèvis sa yo ka sipòte ou nan ede pitit ou a sispann sèvi ak gwo .
👍 ❤️ 🙏 😂 😮 🫶 👏 😢 🛫 135

Comments