Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 11, 2025 at 11:09 AM
BAY TIMOUN MANJE, VOYE l LEKÒL, EPI WÈ LI PWÒP PA SIFI Anpil paran Ayisyen kwè yo fin fè devwa yo lè timoun nan gen manje, ale lekòl, epi pa sal. Men èske ou janm chita ak li pou w tande sa l ap viv? Eske li gen moman pou jwe, ri, santi lanmou ak atansyon? Yon timoun bezwen plis pase sa k nesesè pou viv fizikman. Li bezwen tan ak fanmi li, patisipe nan aktivite pou timoun laj li, li bezwen amizman, soti, pale, ri, santi ke li konte. Travay 7 jou sou 7, 24 sou 24 pa bay espas pou sa. Fanmi yo dwe pran tan pou fè aktivite ansanm, menm si se senp tankou jwe yon jwèt, al fè yon ti pwomnad, oswa prepare manje ansanm. Sa se vitamin pou kè ak lespri timoun lan. Timoun nou yo pa amize yo vre. Anpil paran pat vle ti gason jwe foutbòl osinon lòt jwèt pou gason, tifi yo menm se pa pale yo pa vle yo fè yon pa, sa ki lakoz si timoun sa ta manke al jwe se baton kap tann lì lè li tounen paske paran yo pa konprann ke timoun bezwen amizman. SONJE: Lè timoun nan ap grandi, li pap sonje sèlman manje li te manje men li va sonje kijan li te santi l bò kote ou kòm paran.
👍 ❤️ 🙏 💕 😮 😂 😢 🤦‍♀ 🫡 251

Comments