Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 13, 2025 at 02:57 AM
🎯 MEDAM, ANN FÈ CHWA PA NOU: PA KITE SOSYETE A FÈ L POU NOU Mwen se yon doktè, mwen wè konsekans yo chak jou. ❌Pèmanant ki boule po tèt nou… ❌ krèm ak lwil yap vann nou pou blanchi po nou men k ap detwi n anndan… ❌ Pwodui pou rann nou jèn ki plen ak kòtikoyid ak chimik danjere… Yo tout vann ou yon manti sou bote. Men yo pa di nou verite a: ⚠️ Pwodui sa yo kapab lakòz: • Kansè po • Maladi ren ak fwa • Maladi kè • Depigmantasyon grav • Maladi òmòn (ki afekte règ ou ak balans kò ou) • Risk pou maladi grav pandan gwosès Tout sa… paske sosyete a fè nou kwè nou pa ase bèl jan nou ye a. Men verite a: 🌺 Nou bèl. Nou se fanm. Nou bay lanmou. Nou merite lanmou. Nou merite sante. Nou merite renmen tèt nou. Pale ak tèt nou chak jou: 👉🏽 “M pa bezwen mete tèt mwen an DANJE pou yo renmen m.” 👉🏽 “M pa bezwen blanch pou m bèl.” 👉🏽 “M chwazi mwen. M chwazi sante mwen. M chwazi lavi.” Mwen ankouraje w, kòm doktè ak kòm responsab Klinik Sante Fanm, pou w chwazi swen natirèl, respè ak konfyans nan tèt ou, epi prevansyon an premye pou w ka VIV AN SANTE. Paske si sosyete a pa pran swen ou, ou ka aprann fè sa pou tèt ou. #chwazitètou #santefanm #vizitdoktè #kliniksantefanm #bèljanwyea #kontpwoduitoksik #fanmiansante
❤️ 👍 🙏 😢 👏 💖 😂 😗 🤝 254

Comments