Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 13, 2025 at 08:46 PM
Kèk siy ki montre ke w fatige emosyonèlman : • Difikilte pou dòmi (Insomnie) • Kòmanse yon bagay a chak fwa epi ranvwaye l, paskew pa janm fini l vrèman (Pwokastine) • Fatig ekstrèm nan kò ak nan lespri • Pèdi enterè pou aktivite ke w pasyone • Diminisyon de motivasyon w te genyen • Souvan santi w eksite, angwase nan sitiyasyon ki parèt enjerab pou ou • Tèt fè mal tanzantan akonpaye de stress • Difikilte pou konsantre, pou panse ak pou memorize Nan pwochen piblikasyon, map pale sou « Kijan w ka konbat fatig emosyonèl »… Kontinye pran swen sante mantal nou, veye youn sou lòt, epi sonje « Pa Gen Lasante San Sante Mantal ». #fatigemosyonèl #santemantal #sikoloji #byennet
👍 🙏 ❤️ 😢 😂 🫂 💋 😔 😭 100

Comments