
Remèd Fèy
June 14, 2025 at 12:57 PM
''Maladi sik 👉 pran san ou pou li!
Kisa ki maladi sik la? kijan'l manifeste? koman ou ka prevni'l epi evite konplikasyon'l yo?
Maladi sik (Diabète nan lang fransè) se yon maladi kwonik sa vle di ki pa geri, ke'w ap fè tout vi'w ap viv avèk li. Se lè sik ou konsome paka antre nan selil ou pou'l vin bay enèji epi li rete li akimile nan san'w, lè konsa, se yon òmon'n ki rele ensilin ki nan pankreya ou ki pa fèt ditou oubyen li fèt nan ti kantite ki paka fè sik la itilise pa selil ou yo. Gen 4 kalite maladi sik:
- youn kote sik la moute nn san an men li pa ase poul ba ou pwoblèm, kò a ka fè'l estab (yo rele li pre-diabète nan lang fransè)
- Tip 1 👉 Pankreya moun lan pa pwodwi ensilin oubyen pa ase (kay timoun ki konn eritye'l de paran'l oubyen moun depase 40 lane)
- Tip 2 👉 ou ka fè 10 a 20 lane ap viv avèk li, li rete an silans lakay ou, kò'w pap ka fè sik la estab, kote kò'w telman ap mande konpanse sik sa pa ensilin lan, lap vin pa gen efè, pankreya ou ap malad nèt.
- Sik ki moute kay fanm pandan yo ansent (ka sa yo dwe pran'l a chaj pou timoun lan pa vin soufri sik lè'l grandi ni manman an)
Koman'l manifeste (sentom):
Tip 1👉 toujou swaf, ou pipi vit epi anpil, manje anpil poutan lap piti, domi anpil, fatig, pwoblèm je, pèt konesans
Tip 2 👉 fatig, pwoblèm je, bouch sèch,pikotman, enfeksyon mal pou trete, gason pèdi bann, enfeksyon nan po kap fè klou, maleng ki paka geri, souf kout.
Faktè 👉 moun sa yo siseptib pou devlope maladi sik, moun ki gwo egzajere ki pap fè espò, soufri sik pandan yo te ansent, maladi kè ak kolestewòl, gen yon paran ki soufril, gwo tansyon, moun ki gen 45. 46 lane e plis,konsome twòp sik, enfeksyon tout tan, konsome anpil tabak ak alkòl
Prevansyon ak konplikasyon:
Moun ki vin konplike konn pa viv lontan, yo konn avèg, pwoblèm kè, sèvo epi yo konn koupe ògan nan kò yo tankou pye, men elatriye.
NB:Prevansyon 👉 toujou fè espò, manje mwens grès ak sèl ,manje mwens sik epi gen sik pou moun ki genyenl prensipalman, pa bwè alkòl twòp ak fimen tabak si'w poko genyen'l, pa bwè ditou si'w genyen'l, manje fwi ki pa gen twop sik, pa manje pil farin, manje plis legi'm ak pwason, mwens vyann wouj,plis vyann blanch, Pi gwo tretman ak prevansyon avan tou se jere sa wap manje. Si'w manifeste sentom yo al kay doktè'
Pataje post yo pou enfòme Zanmi ki sou paj ou!
👍
❤️
🙏
😢
🥰
❤🔥
💋
😒
😭
😮
52