
Remèd Fèy
June 15, 2025 at 09:38 PM
🧠 Fè atansyon sou somèy ou: yon pwoblèm enpòtan ki ka lakoz ou fè yon AVC ( Accident vasculaire cérébral) 🛌
Dr Stephen English, "neurologue vasculaire" eksplike kijan lèw pa byen domi ka ogmante risk pou fè yon AVC.
Mank somèy, dòmi twòp, difikilte pou dòmi, ak yon "apnée du sommeil" ka diminye oksijèn ak sikilasyon san nan sèvo a, ogmante risk pou fè AVC.
💤 Yon somèy ki "réparateur" esansyèl pou sante sèvo a.
Lèw domi byen, ou pratike yon rejim alimantè ki an sante ak fè egzèsis fizik, sa edew gen yon kontwòl sou tansyonw, dyabèt ak nivo kolestewòl la, diminye risk alontèm yo.
⚠️ Fè atansyon ak siy ki ka avètiw sa :
🔴 "Paralysie faciale", yon bò vizaj li tonbe,
menm jan nan 1e imaj la
🔴 Feblès nan yon sèl bra
🔴 Difikilte pou pale
🔴 Vizyon twoub oswa doub Toudenkou
🔴 Gwo tèt fè mal
🔴 Vètij oswa enstabilite san rezon
🔴 "Trouble de la parole"
🔴 Difikilte pou respire
🔴 Tranbleman
Siw santi siy sa yo, oswa ou remake yon pwòch ou konsa, aji rapid, pa ezite mande èd..Chak minit konte! 🙌
Pandanw mande èd, ap fè demach pou mennenl lopital rapid, oubyenw fin rele anbilans, men kisaw dwe fè:
1- Pa bay moun nan ni dlo, ni manje paske li ka toufe
2- Si li enkonsyan,metel kouche sou kote, pou lang li pa baskile dèyè, soulve tèt avèk epòl li lejèman.
3- Pa fè tèt cho ni bay okenn medikaman san avi medikal.
👍
❤️
🙏
😮
😂
❤
😢
👊
🤛
🥰
180