
Remèd Fèy
June 16, 2025 at 12:00 PM
👨🏾⚕️ MESYE, GEN ABITID K AP TOUYE SPÈM NOU AN SILANS! 😱
Ou panse w an sante, men èske ou konnen gen bagay ou fè chak jou k ap detwi spèm ou san w pa menm remake? 😟
Sante spèm ou se kle pou w ka fè pitit 🍼. Kalite ak kantite yo dwe nòmal. Malerezman, gen anpil abitid nou genyen ki afekte sa.
Men 10 konpòtman pou w evite si w vle ogmante chans ou pou w fè pitit 👇🏽
1️⃣ Mete rad ki twò sere 👖
Lè w mete slip kole oswa jeans sere, w ap ogmante chalè nan zòn tèsikil yo. Spèmatozoyid yo bezwen tanperati ki pi fre pase rès kò a pou yo devlope byen.
👉🏽 Chwazi boksè ki nòmal sou ou, rad ki konfòtab.
2️⃣ Twòp ekspozisyon ak chalè 🔥
Beny cho regilyèman oswa kenbe laptop sou janm ou lontan ka ralanti pwodiksyon spèm yo.
👉🏽 Evite ekspozisyon sa yo.
3️⃣ Strès kontinyèl 😫
Strès deregle òmòn ki kontwole pwodiksyon spèm yo. Li ka diminye libido ak bon kalite relasyon seksyèl yo.
👉🏽 Dòmi ase, fè aktivite ki detann ou: lapriyè, medite, fè spò.
4️⃣ Fimen 🚬
Tabak bese kantite spèm yo, ralanti yo, epi lakòz yo mal fòme.
👉🏽 Sispann fimen pou amelyore sante repwodiktiv ou.
5️⃣ Bwè alkòl depase 🍻
Twòp alkòl deregle òmòn gason yo epi afekte kalite spèm yo.
👉🏽 Limite kantite w ap bwè, sitou si w vle fè pitit.
6️⃣ Mal manje 🍔🍬
Twòp manje gra, sik, manje ki gen pwodwi chimik … pa bon pou spèm yo.
👉🏽 Manje fwi pito, legim, pwason, ak grès natirèl (omega 3)....
7️⃣ Pa fè aktivite fizik 🚶🏾♂️
Sedantarite = pi move kalite spèm.
👉🏽 Mache, fè ti spò regilyèman, men evite eksè.
8️⃣ Pran medikaman oswa "pwodwi mirak" san kontwòl 💊
Gen antibyotik, estewoyid, medikaman depresyon, ak pwodwi sou entènèt ki ka detwi spèm ou.
👉🏽 Toujou konsilte yon doktè anvan ou pran nenpòt bagay.
9️⃣ Pa dòmi ase 😴
Pa byen dòmi ka deregle òmòn yo epi afebli fonksyon repwodiktif la.
👉🏽 Dòmi 7 a 8 èdtan chak swa.
🔟 Twòp ekspozisyon ak pwodwi chimik 🧪
Pestisid, plastik, solvan, e menm kèk pwodwi kosmetik gen toksin ki afekte òmòn yo.
👉🏽 Evite ekspoze ak pwodwi sa yo, chwazi opsyon natirèl.
💡 Pa bliye🙌
Swen tèt ou jodi a, se espwa yon pitit demen! 💙
👍
❤️
🙏
❤
👏
😢
😮
😂
😭
🤫
112