Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 17, 2025 at 01:41 PM
KONTWOLE SIRÈT KE TIMOUN YO AP MANJE. Timoun yo gen yon koneksyon espesyal ak bagay dous. Vreman vre, yo atire pa koulè yo ak sant yo. Sepandan, twòp konsomasyon ka danjere. Siw prete atansyon a sa ka anpeche plis difikilte. Granmoun kou timoun renmen manje bagay dous nan nenpòt lè nan jounen an. Nou ka jwenn sirèt nan nenpòt magazen, makèt oswa boutik. Yo vann yo vrèman a yon pri abòdab e gen tout varyete. Sepandan, sirèt se yon bagay ki pa gen valè nitrisyonèl. Premyèman, li esansyèl pou konnen dezavantaj lè nou bay timoun yo pwodwi sa yo. Sa ka mete sante yo an danje epi fè yo anpil mal. Se pou nou pa bliye ke yon bon nitrisyon ak adopsyon bon abitid nan manje pandan anfans pral pèmèt timoun nan vin tounen yon granmoun ki an sante epi ki fò. Osito ke se sirèt, kèlkeswa fòm li, yo se pwodwi ki fèt ak gwo kantite sik ak lòt sibstans atifisyèl ki pa pote anyen ki bon pou kò a. Malgre ke yo sanble inofansif, anpil nan yo se reyèl danjere pou sante tout moun. Men kèk nan konsekans posib si ou manje anpil bagay dous: - PWOBLÈM DANTÈ Sik gen yon efè enpòtan nan bouch la. Lè li konsome an gwo kantite, yon asid libere epi atake emay dan yo. Li lakòz pwoblèm grav ki ale pi lwen pase gate dan yo. Sa ogmante bezwen pou toujou fè swen dantè. - PWOBLÈM DIGESTIF Konbinezon sik, koloran ak ajan konsèvasyon chimik yo, melanje ak grès ki bèt yo, ka lakòz kolik, vomisman oswa dyare. Vreman vre, yo pa fè pati rejim alimantè ki sen, yon konsomasyon souvan bagay dous ka lakòz konplikasyon gastrik. - OBEZITE TIMOUN Twòp konsomasyon bagay dous ak manje malsen souvan mennen nan pwoblèm tankou obezite. Nan kèk ka, menm si timoun lan twò gwo, li ka mal nouri. Nan yon sitiyasyon konsa, yon entèvansyon medikal imedyat ka nesesè. Anplis de sa timoun nan ka gen mwens apeti. Sa prive kò a eleman nitritif ki soti nan manje sen yo. Genyen tou yon pi gwo tandans soufri dyabèt (maladi sik), ipèkolestewòlemi ak pwoblèm po oswa alèji.
👍 ❤️ 🥺 😂 😉 😮 🙏 44

Comments