
Remèd Fèy
June 18, 2025 at 12:29 PM
POUKISA OU DWE TANN OU FÈ PETE ANVAN OU MANJE, APRE YON OPERASYON NAN VANT?
Lè ou sot opere eke vant ou te louvri (sezaryèn, pwosedi dijestif, elatriye)
Ou te reponn yon kesyon ki te jennen ou sou pete ou pavre.
Ou te pete deja?
Pandan operasyon an, lè ou anestezye transpò entesten an sispann.
Ileus se absans pou yon ti tan kontraksyon miskilè nòmal nan trip yo, sa rive anjeneral ant 24 a 72 èdtan apre operasyon lè trip yo te manipile.
Lè gaz osinon pete soti nan anus la li se yon siy ke entesten an reveye, kontraksyon miskilè entesten yo rekòmanse ...
Si ou poko kapab fè gaz, ou ka santi sentòm tankou:
- vant ou balonnen
- doulè ki pwovoke pa akimilasyon gaz ak likid
- kè plen, vomisman
- grav konstipasyon, ak kranp.
Apre yon tan, ou riske devlope yon blokaj entesten.
Konnen ke gen ti konsèy pou gaz yo soti san okenn reta:
1. Estimile transpò entesten an
Manje chiklèt, bwè te gaz, fè ti mache, mase vant lan.
2. Pran medikaman ak laksatif sou preskripsyon medikal.
3. Soulaje doulè a ak gonfleman an ak konprès ak bwason cho.
❤️
👍
🙏
❤
34