
Remèd Fèy
June 18, 2025 at 01:36 PM
ÈSKE SE VRE TOUT BEBE SIPOZE GEN MENM GROUP SANGEN AK PAPA YO?
Pran san nou pou nou li tout tèks la pou nou ka konprann byen epi sispann repete sa ki pa bon ak repozem menm kesyon ki deja reponn nan tèks la.
Dènyeman mwen jwenn yon manman nan konsiltasyon ki te tou dezespere paske group sangen pitit li a pa menm ak papa li. Sak pi dwòl nan istwa a se ke ni papa pitit la ak anpil lòt moun panse madanm lan nan move zafè. Li dim : " TE KWÈ TOUT TIMOUN PRAN MENM SAN AK PAPA YO DÒK KÒMAN FÈ PA'M NAN DIFERAN?"
Mwen gade li ak yon souri mwen dil : " si tout timoun te pran menm group sangen ak papa yo ou panse yo tap bezwen al bay yon bebe fè group sangen depi yo gentan konnen pa papa'l?
◾KISA GROUP SANGEN AN YE? POUKISA LI LA?
Yon gwoup sangen se yon seri pwopriyete antijenik nan san an, ki separe moun pa kategori. Gwoup sangen an pèmèt esansyèlman pou fè transfizyon nan pi bon kondisyon konpatibilite. Kòm anpil selil san yo pote antijèn, nou jwenn diferan kalite gwoup sangen. Pami sistèm antijenik pou klasifye gwoup sangen yo, gen 2 prensipal:
SISTÈM ABO ak SISTÈM REZIS
1. SISTÈM ABO
Globil wouj yo pote antijèn byen espesifik ki defini manm yon gwoup sangen. Li kapab gwoup A, B, AB oswa O. Nan sistèm sa a, antikò yo la nan serom nan. Dapre alèl paran yo, men ki gwoup sangen timoun yo ka genyen:
PARAN. PITIT
✅A + A. A oswa O
✅A + O A oswa O
✅A + B A, B, O oswa AB
✅A + AB A, B oswa AB
✅B+B B oswa O
✅B + O B oswa O
✅B + AB A, B oswa AB
✅O+O O
✅O + AB A oswa B
✅AB + AB A, B oswa AB
2. SISTÈM REZIS
• Yon moun ka rezis pozitif oswa negatif akoz prezans osinon absans faktè D a. Moun ki gen yon jenotip DD oswa Dd ap gen yon rezis pozitif. Si D pa prezan, ebyen se yon jenotip dd kidonk rezis negatif.
Si tou 2 paran yo gen rezis pozitif, sa vle di yo gen swa yon jenotip DD oswa yon jenotip Dd. Si tou 2 paran yo gen jenotip DD oswa si youn gen DD epi lòt gen Dd, lè sa a timoun nan ap rezis pozitif.
Men tou 2 paran yo kapab genyen menm jenotip Dd a, e la yo gen 25% chans pou yo gen yon timoun ki gen rezis negatif. Nan ka sa, timoun nan ap resevwa jèn d a nan chak paran li.
Kidonk, 2 paran ki gen rezis pozitif (Rh+) ka gen yon timoun ki rezis negatif ( Rh-). Men, 2 paran ki gen rezis negatif ( Rh-) pa kapab fè yon timoun ki gen yon Rh+!
Mwen espere nou konprann pi byen, sispann panse ke se sèlman papa a ki ka gen menm group sangen ak bebe a, men wi bebe a ka pran menm group sangen ak manman li tou. Bagay yo se 50/50, papa a bay mwatye, manman an bay mwatye epi sa pral depan de kiyès ki prime a.
👍
❤️
🙏
😮
❤
😢
61