Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 18, 2025 at 03:58 PM
🛑ATANSYON! Pa tonbe nan pyèj chalatan🛑 Nan tout peyi a, gen moun ak move entansyon ki vle fè tèt yo pase tankou doktè pou fè lajan — men ki pa janm al lekòl medsin, pa janm pran diplòm, epi ki ap mete lavi nou an danje! ⚠️ Moun sa yo sèvi ak yon aparèy yo mare dwèt oswa pye pasyan an, yo mete yon òdinatè Devan yo, epi yo di yo ka “eskane” tout kò a pou detekte maladi. Yo fè lis byen long egzamen, imajri, analiz san, remèt pasyan an swadizan se rezilta aparèy la. Men se manti! Pa gen okenn aparèy ki ka fè sa san egzamen medikal serye ni san opinyon pwofesyonèl. ❌ Se pa medsen, se fosè, Chalan, chalatan. ⸻ 🧠 Kijan pou rekonèt yon pwofesyonèl sante ki serye? ✅ Li afiche diplòm li (lekòl medsin, lisans, espesyalite) ✅ Li gen yon Nimewo MSPP pou pratik medikal li. Nimewo sa nan lisans li. ✅ Li pa fè pwomès, mirak ni “Geri tout maladi” ✅ Li itilize metòd ki baze sou syans ✅ Li bay referans, li oryante w si sa depase kapasite li ✅ Li pa fè tout egzamen sou yon sèl
Image from Remèd Fèy: 🛑ATANSYON! Pa tonbe nan pyèj chalatan🛑  Nan tout peyi a, gen moun ak...
👍 ❤️ 🙏 😢 18

Comments