Remèd Fèy
Remèd Fèy
June 18, 2025 at 03:59 PM
🛑ATANSYON! Pa tonbe nan pyèj chalatan🛑 Nan tout peyi a, gen moun ak move entansyon ki vle fè tèt yo pase tankou doktè pou fè lajan — men ki pa janm al lekòl medsin, pa janm pran diplòm, epi ki ap mete lavi nou an danje! ⚠️ Moun sa yo sèvi ak yon aparèy yo mare dwèt oswa pye pasyan an, yo mete yon òdinatè Devan yo, epi yo di yo ka “eskane” tout kò a pou detekte maladi. Yo fè lis byen long egzamen, imajri, analiz san, remèt pasyan an swadizan se rezilta aparèy la. Men se manti! Pa gen okenn aparèy ki ka fè sa san egzamen medikal serye ni san opinyon pwofesyonèl. ❌ Se pa medsen, se fosè, Chalan, chalatan. ⸻ 🧠 Kijan pou rekonèt yon pwofesyonèl sante ki serye? ✅ Li afiche diplòm li (lekòl medsin, lisans, espesyalite) ✅ Li gen yon Nimewo MSPP pou pratik medikal li. Nimewo sa nan lisans li. ✅ Li pa fè pwomès, mirak ni “Geri tout maladi” ✅ Li itilize metòd ki baze sou syans ✅ Li bay referans, li oryante w si sa depase kapasite li ✅ Li pa fè tout egzamen sou yon sèl aparèy san lojik medikal ⸻ 👵🏽👴🏽 Pale ak fanmi w ki nan zòn riral yo! Moun sa yo vize manman, granmoun, moun ki pa konn li, moun ki pa gen aksè a enfòmasyon. Se responsablite nou pou pwoteje yonn lòt. ⸻ 📢 Nou mande MSPP Ministère de la Santé Publique et de la Population pou l mete plis kontwòl sou pwofesyonèl ki otorize egzèse. Nou bezwen kontwòl, sanksyon, epi plis aksè a sante ki abòdab, serye, epi ki fèt pa moun kalifye. ✊🏾 Vizit Doktè ap kontinye batay pou yon sistèm sante ki pi jis, pi sekirize pou tout Ayisyen! 📞3743-4305 Siw ta vle yon randevou medikal ak Dr Alexandre. Dr Lyne Vanessa Alexandre #vizitdoktè #stopcharlatan #santesedwanou #fomedsensedanje #pwotejefanmiw #annalepilwen
👍 ❤️ 🙏 😢 24

Comments