Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 13, 2025 at 11:57 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Konpatriyòt ! Si w santi mond lan vle efondre avè w Leve tèt ou epi redrese w Chache limyè ki anndan ou Pa rete ap tann yon mirak Pa chita ap konte zetwal ki pral tonbe tankou lagrèl Paske gen limyè ki pa bezwen elektrisite pou l limen Tankou rasin ki grandi anba tè Ou pa oblije rete atè Pou ou pran bon elan Pandan w atè ou ka konekte anlè Tout sa ou bezwen pou w kanpe Se pa kite anyen, ni pèsonn fè w bliye si fòs avèk feblès Se de sè marasa Youn pare kou pou lòt Sa youn pa rive fè Lòt la fin akonpli l Chachè kote ou fèb Kore senti w ki vle brannen Ak kouraj byen vanyan Apiye w sou bò ou pi fò a Pou w fè bitay tounen viktwa. #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1933491803094646993?t=v6jMYD3vfGneYPay5jhSsg&s=09

Comments