Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 14, 2025 at 11:42 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Tant Da leve byen bonè nan maten Pou l al bouske sekrè lavi Mwen menm, mwen rete kè poze Nat mwen plen lodè rèv k ap kanni Isit, lajenès ap trakase kò tèt dwat San konnen kote pòt lavi ap louvri Pou n jwenn bon debouche san katastwòf Nou fin delala nan ekri pwojè... Chemen an parèt flou devan je n Men je n chaje ak etensèl lespwa Nou pa gen tout repons pou dividal Kesyon k ap toufonnen lespri nou Men lafwa n pa lage nou yon may Tankou flanm dife k ap ponmen anba sann Tankou lanm lanmè k ap bese leve Se konsa n pran tan pou n tann Pandan n ret makonnen ak vizyon Ki mache kòtakòt ak aksyon Lavi a pa di n kilè ni kijan Men fòs detèminasyon n pouse n Mache ak tèt anlè Ak vwa Tant Da andedan kè n Ki toujou di : "Pa chita sou rèv ou ! Leve kanpe, fè l ateri.” #sherly_tanis_cator ✍🏽 https://x.com/SherlyTanis/status/1933852258657042783?t=-ypoxEASRuGf7tTOA8lgxg&s=09
❤️ 2

Comments