Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
                                
                            
                            
                    
                                
                                
                                June 15, 2025 at 08:53 AM
                               
                            
                        
                            🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
#tant_da pa pran nan fo mamit
Li konn lodè ak gou manje konbit
Li detekte enèji ak lide malonèt 
Pou fè move rèv tounen bèl vizyon 
Li konn lè boukantay ap byen fèt
Anyen pa ka twonpe bon sans li
Tant Da se moun tout moun lakay
Yon nanm ki aji pwòp san fè bitay
Eksperyans montre l kase koub San l pa janm dewoute ni koube 
Menm si w ta wè l do ba 
Ak yon baton gayak nan men l
Li pa sèvi ak kout chaplèt pou l Krabinen okenn moun nan bouk la
Paske li kwè nan dyalòg ak antant
Anyen pa ka pran bonnanj Matant
Lè sikonstans yo ap fè li filalang 
Palavire lavi pa etenn esperans li
Chak konpatriyòt gen yon Tant Da
Bò kote w oubyen anndan kè w
Pa sispann deplaye bon legzanp Tant Da trase pou tout jenerasyon.
#tant_da_se_eritaj_nou_tout
#memwa_grandèt_se_gwo_richès
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1934171614913974405?t=f5NMIurbGR1_bAfjrGU8Nw&s=09
                        
                    
                    
                    
                    
                    
                                    
                                        
                                            ❤️
                                        
                                    
                                    
                                        3