Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 16, 2025 at 12:16 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 #tant_da_fè_yon_rèv Yon rèv ki sonnen tankou tanbou Nan tout lakou kote manman nou Kòmanse rele pitit li yo retounen Li wè solèy leve sou tèt mòn yo Nan tout rakwen peyi nou Ayiti San pè, san grangou, san zam Rèl timoun yo tounen kri kè kontan Epi lekòl lavi bay bon jan sitwayen Jèn gason, jèn fi, nan tèt ansanm Ap rekonstwi tout sa nou te kraze Wi, Tant Da reve yon peyi tou nèf Kote lonè ak respè pa egal lawont Kote mo "Diyite" ak "Fratènite" Mete ansanm pou ponn vrè libète Se pa sèlman pale san fè aksyon Matant Da reveye byen bonè Tout moun kòmanse gen lespwa Paske chodyè ki monte sou non n Pral resi desann sou non nou tout Lè sa n reyalize rèv sa se rèv pa nou Paske, menm jan Tant Da pa janm sispann klewonnen byen fò : "Yon rèv pa vo anyen, si l pa tounen yon sous lespwa pou tout pitit tè a. Men yon rèv sispann rèv lè li rete toufe anndan konsyans moun k ap reve san reveye". #sherly_tanis_cator ✍🏾 https://x.com/SherlyTanis/status/1934585384723182052?t=zGYq0hWpj_ngFp2E8qPryg&s=09
❤️ 3

Comments