Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 19, 2025 at 03:44 PM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹 Jedi 19 jen 2025 Se avèk anpil kè kontan mwen vin patisipe jodi a nan 31yèm edisyon “Livres en folie”. Gwo evènman literè kote anpil otè ak lektè nan tout kategori kase randevou nan yon anbyans liv tout koulè. Se okazyon tou pou piblik la pwofite fè dyalòg ak otè yo, viv bèl retwouvay, mare zanmitay epi debouche lespri yo sou lespwa ak konesans. Pami tèks ki atire atansyon m pou maten an, se yon rekèy kolektif ki titre : " Fleurs de chaos". Se yon gwoup elèv S3 nan "J'apprends Institution Privée Mixte de Thomassin ki ekri liv sa a. Yon zèv nan lang fransè ak kreyòl ki touche m ak kalite, sansibilite epi pwofondè pawòl yo, tankou : Pèp Ayisyen - Rèv Ayiti - Femmes et fières de l'être - La lueur de l'optimisme - Marabou, pou m site sa yo sèlman. Mwen envite nou vin eksplore talan ak richès atizay gwoup jèn sa yo ap pataje ak nou jodi a. #sherly_tanis_cator ✍🏽 #petyonvil_ayiti 📸 : #jimmy_deronis https://x.com/SherlyTanis/status/1935721918390554728?t=8bnqU3pT0eBwZqUpDdltaA&s=09
❤️ 1

Comments