
Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
June 20, 2025 at 09:14 AM
🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Sans nou pran sant pouri
Nan chak ka n fou nan chak ri
Tout wout bare ak bayawonn
Nan plede reflechi sèvo n vle fonn
Sa ki pi malouk la se lapli move zè
Ki pa sispann tranpe n jouk nan kè
Epi n gen repiyans lè nou konprann
Se sèl nou menm ki pa konprann...
#sherly_tanis_cator ✍🏽
https://x.com/SherlyTanis/status/1935988455302988022?t=EFdQQgEdA8sEMUuQnPskpw&s=09
❤️
🙏
2