Poésie - Réflexions de Sherly Tanis CATOR
                                
                            
                            
                    
                                
                                
                                June 21, 2025 at 11:02 AM
                               
                            
                        
                            🇭🇹 #bonjou_konpatriyòt 🇭🇹
Nou leve chak maten  
Van ap bale pli sou figi nou 
Nou pa wè si kalbas lalin 
ap fè nou filalang 
Se pa fòt nou si n di nou pèdi ray Men nou pa deraye
Se paske n ap mache je kale
De men nan pòch sou eskelèt 
San kè n pa tounen 
Men sèvo nou prèske detounen 
San analiz ni terapi 
Nou reyalize tank n ap bwè te
Se atò n ap delire 
Pèson pa lakòz si nou nan ka 
Men k ap peze soufrans 
sou zepòl nou pi lou pase chay
n ap redi pote chak jou
Nou se pitit wòch dife byen solid
Men nou santi nou fin kofre 
Plenn nou pa menm anvi fini
Tout lasent jounen se kout soupi 
Nou se loray k ap chavire tenèb anba rak demagoji abiye santi bon
Pandan tèt nou ap balanse de bò
Kò n menm nan rezistans pou viv
Paske n gen yon pil rèv n ap kouve.
#sherly_tanis_cator ✍🏾
#20_jen_2025
https://x.com/SherlyTanis/status/1936357241289842777?t=FQ4zyXH9OuwcL1V7AbIYPA&s=09
                        
                    
                    
                    
                    
                    
                                    
                                        
                                            🙏
                                        
                                    
                                        
                                            ❤️
                                        
                                    
                                    
                                        3